Plis pase 92 % sachè dlo popilasyon an ap konsome nan zòn metwopoliten Pòtoprens kontamine. Revelasyon sa a fèt 30 janvye 2026 pa Ministè Komès ak Endistri (MCI), apre yon etid ki te fèt ant out 2025 ak janvye 2026.
Dapre rezilta etid la, dlo sa yo pa respekte okenn nòmal sanitè e yo reprezante yon gwo danje pou sante piblik. Pi grav toujou, analiz yo montre klèman ke gen dlo ki gen matyè fekal ladan yo, sa vle di dlo a kontamine ak rezidi twalèt. An tèm senp : gen sachè dlo moun ap bwè ki gen twalèt ladan yo.
Fas ak sitiyasyon sa a, otorite yo anonse yo pral ranfòse kontwòl yo, ogmante enspeksyon nan faktori ak depo dlo, epi pran mezi korektif sevè kont pwodiktè ki pa respekte lalwa. Objektif la se pwoteje popilasyon an epi garanti tout moun gen aksè ak dlo potab ki pwòp, ki an sekirite e ki konfòm ak nòmal sanitè yo.
