Yon ONG ki rele Public Eye fè konnen ke Cerelac, yon mak manje pou tibebe, gen jiska 15% sik nan vèsyon yo vann nan peyi Afriken yo, menm si menm pwodwi a nan Ewòp la, pa genyen sik ditou.
Daprè Organizasyon Mondyal Lasante (OMS), sik sa yo ke yo ajoute pa bay okenn benefis nitrisyonèl, e yo ka fè timoun nan depi tou piti abitye ak sik, sa ki ka mennen nan pwoblèm sante grav pi devan, tankou dyabèt oswa obezite.
Nan Abidjan, Kòt Divwa, sosyete sivil la ap fè mobilize sou sitiyasyon an, paske peyi a ap lite ak malnitrisyon timoun pandan ka dyabèt ak obezite ap ogmante.
Sous: Public Eye, OMS, repòtaj Julia Guggenheim & Damien Koffi
